Text in Haiti-Kreol*:

Note: Teaching materials for elementary and middle school level, Teaching materials for Haitian Bilingual and learners of Kreyòl]

Stories include:

[Ann louvri je nou ann louvri lespri nou..., Ayayay, Byen konte mal kalkile, De bon kamarad, Frè Byen ek Frè Mal, Goumandiz Ti Woz, Istwa Abèy ak Gèp, Istwa chat mawon nan peyi tè glise, Istwa de zanmi: Pan ak Kòk, Istwa Fèben, Istwa Malfini k ap fè ravaj, Istwa Ti Jozèf, Istwa yon amatè batiman, Istwa yon gran abitan, Kijan m sezi, Kòmè Ti Poul ak Konpè Ti Chat, Konpè Mimi ak Ti Poul, Konsyans, Latè se richès Lè w gen twòp lanbisyon, Linyon fè lafòs, Mache chèche pa janm dòmi san soupe, Mango Dayiti, Mezanmi enjistis se pi gwo bagay, Mizè yon ti bourik, Nou tout nan ka, Nou tout se moun, Poul ak Ravèt, Premye Janvye ann al fete, Ranje kouvè, Respè pou plant yo, Sa rive, Safira, Man Zabira ak Mètrès Lasirèn, Simityè bòlèt, Sitadèl, Ti Jak pa renmen lekòl, Ti Pòl ak Yòl., Tonton malad nan kè, Yon cheval blan san parèy Yon ti kabrit mèg, mèg... Bèèèèè..., Yon wi ki konn monte mòn, Zafè Bourik]

* Courtesy of E.W.VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc. evedrine@hotmail.com

"Excerpt of an interview with E. W. Védrine on 'Gramè Kreyòl Védrine' / Pati nan yon entèvyou ak E. W. Védrine sou 'Gramè Kreyòl Védrine' "

[Entèvyou sa a te reyalize sou antèn Radyo Ayiti Fokis nan dat 22 septanm 1996 nan Boston ak animatè Eddy Le Phare. Li baze sèlman sou "Gramè Kreyòl Védrine". Envite espesyal: Emmanuel W. Védrine)]

"Gramè Kreyòl Védrine" (Védrine's Grammar of Haitian Creole). 1996. 354 p.

E. Le Phare: Ebyen bon, ou konnen rezon an deja, se pou nou pale de gramè sa a ou fèk soti. E anndan vant travay nou pral fè a, n ap touche de aspè: yon aspè kote na pral chèche konnen nan travay ou fè a kote l soti. Dezyèm aspè a, na va mande ou poukisa se konsa li fèt, poukisa li pa ta ka fèt yon lòt jan. N ap antre dirèkteman nan gramè a e nou konnen andepi de tout efò n ap fèt sou lang nan, nou vin genyen yon ekriven pami lòt k ap ekri yo, ki vin ak yon gramè e andeyò de sa, nou panse ki ka poze yon premye pyon oubyen yon premye wòch ki plante nan jistifikasyon n ap chèche bay lang kreyòl la. Toudabò, èske w ka esplike nou filozofi sa a, ki kote l soti?

E. W. Védrine: Bon, an patan, fò m di w gen anpil moun ki pibliye zèv deja sou lang kreyòl la. Genyen plizyè zèv ou ka analize, ki touche anpil aspè gramatikal lang kreyòl la. Donk, mwen fè anpil fouy sou sa, gen anpil ekriven ki pote kontribisyon pa yo deja. Si nou pral nan iswa, nou kapab derape ak Jules Faine ki youn nan grameryen, lengwis, leksikograf ayisyen trè popilè atravè rechèch li yo, pou apò li bay nan koze lengwistik, nan koze dokiman sou lang kreyòl la. Youn nan liv enpòtan Jules Faine te mete deyò se: "Philologie Créole" (1936) ki te pran pri sa a: "Prix de l'Académie Française". Jules Faine kontinye ekri lòt gwo liv sou kreyòl tèlke "Le créole dans l'univers" (1939). Apre sa, li pibliye anpil zèv atravè jounal nan peyi Ayiti. Li te kOmanse travay sou diksyonè tou; finalman, pa tèlman lontan, ak konkou lengwis Gilles Lefèbvre ansanm ak yon gwoup espesyalis nan "Université de Montréal", "Edition Lemeac" (Kanada) pibliye maniskri yon diksyonè Jules Faine te ekri (anvan l mouri an 1958), "Dictionnaire français- créole". Nan kad sa a, nou wè anpil chemen li ouvè pou rechèch ak lòt moun k ap vin apre l pou kontinye Fè rechèch. Apre Jules Faine, nou kapab pale tou de Suzane Comhaire ki bay anpil kolaborasyon nan koze lengwistik kreyòl. Li pibliye yon liv enpòtan ki rele: "Syntaxe de l'haïtien". Apre sa, nou kapab vin tonbe sou Pradel Pompilus ki yon kritik literè, lengwis. Youn nan zèv li yo nou kapab site, se: "La langue française en Haïti" ki sèvi kòm tèz doktora li te prezante nan «Université Sorbonne» (Paris). Li gen tou plizyè zEv lengwistik nou kapab analize ki gen aspè gramatikal tèlke pa egzanp: "Contribution à l'étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien", "Manuel d'initiation à l'étude du créole" ak anpil lòt zèv. Nou kapab pale de Albert Valdman, yon lengwis fransè k ap fè rechèch depi lontan sou kreyòl ayisyen. Valdman pibliye plizyè zèv, plizyè atik sou kreyòl ayisyen; anpil gen pou wè ak aspè gramatikal lang kreyòl la tèlke: "Ann pale kreyòl" (1998). Se yon leksikograf tou ki pibliye yon kokenn chenn diksyonE ki rele: "Haitian Creole, English, French Dictionary" (1981). Se yon espesyalis nan lengwistik kreyòl ak lengwistik fransè. Nou ka mansyone lengwis ayisyen tèlke Ernst Mirville (Pyè Banbou) ki jwe yon wòl enpòtan kòm direktè, fondatè «I.L.A.P» (Institut de Linguistique Appliquée de Port-au-Prince). Mirville ap anseye kreyòl depi lontan e li pibliye yon ventEn zèv sou kreyòl, pou frankofòn k ap aprann kreyòl ak rechèch lengwistik sou kreyòl. Nou Jean Targète ki pibliye "Advanced Grammar of Haitian Creole" (1972). Nou ka mansyone lengwis tèlke Pierre Vernet, yon lengwis ayisyen, ki pote anpil kolaborasyon atravè rechèch li sou kreyòl. Li ekri plizyè zèv tou, plizyè tèz sou kreyòl nan "Université Sorbonne". Pami zèv Vernet yo, nou ka mansyone: "Techniques d'écriture du créole haïtien" (1980) ki yon gid trè enpòtan sou ekriti lang kreyòl la e an menm tan, yon liv ki rich ak "aspè gramatikal" ladan. Nou ka mansyone Yves Dejean, yon lengwis k ap frape lontan sou kreyòl, yon chèchè ki pibliye plizyè liv sou kreyOl e ki kapab adapte nan pwogram alfabetizasyon ak edikasyon bileng. Nan plizyè liv sa yo, Dejean touche anpil aspè gramatikal lang kreyòl la. Nou kapab pale de Alix Renaud ki yon powèt, womansye ayisyen k ap viv lontan nan peyi Kanada. Resamman, Renaud soti yon liv ki rele "Pale kreyòl". Byenke liv sa a fèt pou frankofòn k ap aprann kreyòl, li touche plizyè aspè gramatikal lang kreyòl la. Nou tonbe kounyeya sou Edner Jeanty ki mete plizyE liv kreyòl deyò deja. Youn nan liv Jeanty yo ki touche anpil aspè gramatikal, se: "Let's learn Creole!" Jeanty se yon tradiktè ki fE an menm tan yon bèl travay sou kilti oral la. Lè n ap pale de kilti oral, pa egzanp, nou ka mansyone "kont", «pwovèb» Yon liv pwovèb li pibliye an kreyòl e an anglè, gen pou tit: "999 Pwovèb Ayisyen". Nou ka mansyone chèchè tèlke Mikelson Hyppolite ki fè yon bèl travay tou nan literati kreyòl la. Youn nan liv li yo, "Pwovèb ayisyen aplike", pibliye an twa lang (kreyòl, fransè, anglè). Li pibliye lòt liv tou ki an rapò ak "lengwistik kreyòl" e ki touche plizyè aspè gramatikal lang lan. Gen plizyè tèz anpil chèchè ayisyen e etranje ekri deja sou lang kreyòl e tanzantan gen rechèch k ap kontinye pibliye; rechèch ki gen pou wè ak aspè lengwistik oubyen aspè gramatikal lang kreyòl la. Mwen kwè tout liv mwen mansyone yo trè enpòtan si n ap fè rechèch sou kreyòl pou tyeke referans. AnsOm, nou wè devlopman kreyòl la lE nou fè tout analiz sa yo, gwo rechèch k ap pibliye sou kreyòl. De jou an jou, sa vin ogmante sou prestij kreyòl ayisyen.

E. Le Phare: Andeyò tout filozofi sa yo, èske w ka pale nou ekzakteman desizyon ki te pouse w ekri gramè sa a? Mwen kwè ou pale de tout antesedan sa yo, yon seri moun ke w li rechèch yo pibliye. èske w wè nan travay yo t ap fè a, atravè rechèch ou fè sou moun sa yo, sa te pèmèt ou panse tou a yon gramè kreyòl oubyen nan ki kontèks kontribisyon tout moun ou sot pale yo ki fè w vin mete "Gramè Kreyòl Védrine" sou pye?

E.W.Védrine: Lè moun ap fè rechèch, ou vini ak yon bagay nouvo. Gen moun ki ka rele sa «envansyon». Kèlkeswa se nan syans ou nan literati, ou pa annik rete konsa ou di w envante yon bagay san ou pa t konsilte anyen, san ou pa t tyeke sa moun fè deja. Byenke ou ka vin ak yon bagay nouvo men, ou toujou baze envansyon oubyen rechèch ou a sou sa ki te ekziste. Sètadi, lè w gade zèv ki mansyone deja oubyen chèchè sa yo ki pote anpil kolaborasyon, mwen wè gen yon bagay ki manke, mwen wè pa en yon gramè kreyòl ki ekri an kreyòl ei ki kouvri tout aspè lang lan, yon tèks ki ka itilize pou anseye Ayisyen nan lang manman yo. Se rezon sa a ki fè m te vin fè yon travay diferan de ekriven mwen mansyone yo.]

Noch ein von Védrine verfaßter Text in Haiti-Kreol:

"REKA*: YON FORòM KREYòL AN REVI"
rekayisyen@hotmail.com
http://www.windowsonhaiti.com/reka
(Emmanuel W. Vedrine)

Nan kad rechèch sou Ayiti, pa bliye n ap fè fas ak twa lang: anglè, fransè, kreyòl. Se lang Ayisyen Ayiti e nan dyaspora a itilize plis. Pa gen manti nan sa e li ra pou ta jwenn yon Ayisyen ki atenn yon nivo lekòl avanse e ki pa ta gen yon bakgrawoun nan fransè ou anglè.

Si REKA ta reyèlman vle fonksyone alafwa kòm gwoup rechèch, fòk li pa ta limite nèt a itilizasyon yon sèl lang byenke objektif nimewo #1 foròm sa a se kreyòl kòm sib. Pa ekzanp, yon moun te ka voye yon enfòmasyon sou kreyòl men se nan lang fransè/anglè enfòmasyon sa a ka ekri; èske REKA ap iyore l pou sa?

Mwen pa di pou REKA ta fè ekzatteman menm bagay ak dotyen foròm ki gen kèk pwen komen nan objektif yo e kad prezisyon sou itilizasyon lang, men tou fò foròm sa a pa dwe ta parèt twò rigid nan sans lan.

Si n ap reyèlman gade koze lang Ayiti, kijan sa pral ye nan venteyinyèm syèk, twa lang sa yo gen pou jwe yon wòl enpòtan. Sa mande yon ti reflechi sou konstitisyon foròm nan pou kreye yon admosfè ki gen fleksibilite lengwistik pou evite bloke wout rechèch la.

REKA ta sipoze fonksyone tou kòm foròm pou bay enfòmasyon sou kreyòl (pa ekz. aspè leksikal, semantik, etimolojik, elt.), fè kòmantè sou zèv kreyòl ki pibliye e k ap pibliye, elt. Pa ekzanp, te gen yon abòne REKA (nan peyi lòtbò dlo) ki te mande yon referans sou zèv Frankétienne ekri an kreyòl, sa te pran ti tan pou l te rive jwenn yon repons (satisfezan ou pa).

Lòt koze ki ka debat, se: MO KREYòL, FRAZ KREYòL, NOUVO MO, AKWONIM... Te m bay yon ti lòsyè nan ekzanp kèk abòne lis la bay e mwen panse yo ka kontinye fè bon ti travay konsa: "KONPITè. - Mo konpitè a te deja fè chita li Ayiti depi anvan mwen te kite peyi a dis ane pase. Sa te fèt gra a yon lekòl kominotè k te rele COMPUTEC, si m pa twonpe m, se te premye lekòl konpitè ki te louvri sou Lalue a nan ansyen 'Market Lincoln' la. Ayisyen gen tandans bay mo ak son anglè yo plis chans paske sa reponn a santiman esnòb boujwa yo. M pa di gen kèk admiratè ki pa sèvi ak mo fransè a." (Lyonèl Hogu, 1998)

Bon, mo nouvo yo pa vle di nonplis mo ki fèk parèt. Nou gen dwa fè yon gade mo k antre nan lang kreyòl la soti ane 80, 90 yo (Pa tèlman gen rechèch, kòmantè ki fèt sou yo pou ta anrichi leksik kreyòl la (o nivo ekri) epi pa gen yon jounal syantifik ayisyen (fransè ou kreyòl) k ap pibliye koze enpòtan.

O nivo teknolojik, m kwè plis mo etranje k ap antre nan lang kreyòl la (Ayiti) plis soti nan lang anglè. Se pa yon kesyon chwa, men sanble ta gen plis kontak ak Ameriken (o nivo komèsyal). De tan twa mouvman, madansara plonje Miyami al achte batanklan (tout sòt), mo yo ateri Mache Anba, pase bò Katedral epi yo kontinye wout yo. Ekzanp Pradel Ponpilus bay nan yon pati liv li a, "La langue française en Haiti", se yon bèl ekzanp (byenke se yon tèz ki te prezante nan "Université Sorbonne" nan kòmansman ane 60 yo, men sa montre dominans yon seri mo anglè ki pèse lang kreyòl la akoz relasyon komèsyal ant de peyi yo (Ayiti, Etazini).

Nan menm diskisyon 'mo nouvo' a, Jude Gardy te fè yon ti rale sou mo 'estrès' kote l di: "Apre mwen te fin li repons Kaptenn Koukourouj, E. W. Vedrine ak Nekita Lamour, lafyèv refleksyon tonbe sou mwen lè mwen vin pran konsyans se pa yon bagay konsa konsa (chache ekivalans) yon mo etranje nan yon lòt lang, se yon bèl defi! Mwen kwè nou pa kapab pèmèt yon mo etranje vin taye banda nan lakou a konsa san nou pa pase l an revi pou nou wè kouman l va jwenn plas li nan mitan kreyòl la. Kilè n ap gen moun k ap pran responsablite sa a? Akademi kreyòl...!"

Mwen kwè se yon bèl egzèsis, sa m ka rele "travay ekip" pou boukante lide, analize lide, pran lide... Mèsi Bondye nou gen imel! Nou gen aksè a granchimen savwa a (entènèt la) pou n mete rechèch nou nan galata pou yo pa pèdi. Li enpòtan pou yo pibliye tou nan jounal pou bay lòt moun k ap fè rechèch aksè. Nou ka voye yo bay plizyè jounal; lè yo gen espas, ya lage yo (si yo vle). Nou ka panse tou a yon ti leksik, kote n ka pran yon seri mo, mo akayik (mo ansyen ki nan lang nan men ou pa tande yo fasil nan konvèsasyon toulejou) nou fè yon konpilasyon (asanblay) ak yo e sa ka rann li pi fasil nan kad yon "corpus" pou abouti a yon diksyonè total kapital nan lang vènakilè a. Men, se depi kounye a pou n aprann fè koleksyon konsa, diskite sou yo dekwa pou gen plis brase lide.

AKADEMI - Sou koze 'akademi' an, mwen mansyone sa deja nan "Gramè Kreyòl Vedrine" (1996) atravè yon powèm ki rele "Lè rèv kreyòl mwen an va reyalize" men apre lè m gade jan nèg kreyolis nan manman peyi ap fonksyone nan epòk Mwayennaj, yo pa gen bon zouti pou fè rechèch, menm yon konpitè pou antre enfòmasyon oubyen data, donk mwen poze tèt mwen kesyon sa a: èske fò n reyèlman tann yon akademi kreyòl pou n fè bagay estraòdinè ak lang kreyòl la? Absoliman non! Poukisa gen pajwèb? Men li enpòtan pou n aprann travay ansanm, boukante lide, travay sou pwojè akoutèm. Pou reyalize sa, nou pa bezwen lajan men sa mande tan, devouman ak lanmou pou reyalize sa epi kwè ladan l tou pase travay k ap fèt yo se pa nou ki pral benefisye yo, men se jenerasyon k ap vini yo. Non sèlman yo pral bat bravo, men tou y ap kalonnen moun ki pa t kite anyen pou yo. Se konsa yon vrè atis dwe fonksyone pou l eseye atenn yon nivo maksimòm nan pwodiksyon zèv li. Lajan va vin apre (si l rive alè)...

Sou aspè leksikal la, yon aspè ki neglije nan deba REKA, se kòmsi lang nan pa t pou nou, nou pa eseye esplwate l kòmsadwa pou diskite sou evolisyon l (pa ekz., kòman yon seri mo devlope, kilè yo te kòmanse itilize, nesans yon seri mo ki sot nan chante kanaval, chante yon mizisyen, yon gwoup patikilye..., lòt sous kèlkonk). Pa ekzanp, ki sans mo "Madan Masèl" genyen pou yon Ayisyen? (re. nan yon chante Koupe Kloure); "Vin met sik sou bonbon m... pou m pa revoke w"... (re. Anna Pierre), elt.; ki sans sa gen pou nou ki pou nou natif ki konnen reyilite kilti lakay?

Lòt bagay pou n pa bliye, se "sajès". Lefèt nou pale kreyòl, sa pa vle di pou otan nou konn tout bagay, tout vire tounen lang sou dis dwèt. Petèt REKA ka pran kèk nan ti pwen sa yo an konsiderasyon pou devlopman l kòm foròm kreyòl si l reyèlman ta vle eseye fè yon travay dyanm nan avansman lang vènakilè a.

Gen yon karans jeneral tou mwen remake tou sou plan rechèch e mwen ka site yon kòmantè Jafrikayiti konsènan fonksyonman foròm nan: "...Tabli prensip pa divilge mesaj Lis Diskisyon REKA aleksteryè san pèmisyon otè mesaj la...referans a non endividi an patikilye ta dwe rantre nan kad 'prive' a, menmsi se pa otè mesaj la li ye..."

Bon mwen dakò san pou san pou pa devilge pesonn oubyen nou dwe respekte kote prive moun nan (ki pa gen pou wè ak rechèch). Men nan sitasyon sa a tou, Jafrikayiti pa fin klè kote l ta sanble li plis eseye fwennen machin rechèch la olye li akselere l. Pa bliye yon foròm se tankou yon odyans vizyèl kote plizyè moun ap diskite. Sètadi, premye objektif yon foròm se ta tabli yon baz rechèch, ouvè wout rechèch ak diskisyon pou pwomote rechèch. Nou ka pran nenpòt foròm nou konnen kòm modèl. Sa nou di nan yon foròm (fiksyon ou pa) nou di l nèt sou entènet men se moun k ap pran ki dwe fè yon triyay, yon bagay ki varye selon deziderata chak endividi. Pa bliye tou pawòl se van, lekriti se testaman.

Men li deferan si moun nan pran ide otè a jan l ekri a epi l sèvi ak li kòmsi se li k te di sa. La a se yon lòt koze. Kategorikman si moun nan fè sa, y ap konsidere l yon vòlè. Pa ekzanp si m ta di: "Ask not what your country can do for you, but what you can do for your country" (pa mande sa peyi w ka fè pou ou men pito sa w ka fè pou peyi w) epi m siyen non m anba l, la a, nenpòt moun ki familye ak sitasyon sa a (ki soti nan yon diskou John F. Kennedy) ta konsidere m yon vòlè (e nan kèlkeswa lang m ta tradui l, osilontan pa gen referans JFK). Men si m di: Pa mande kisa kreyòl ka fè pou ou men kisa ou ka fè pou kreyòl, la a mwen ka siyen non m anba l kòm otè ki di sa byenke gen yon paralèl ki ekziste ak ide Kennedy a, men gen yon adaptasyon ki fèt. Pou moun ki li "Pèlen tèt" (Frankétienne), plizoumwen yo gen yon ide paralèl ak ide m ap eseye devlope a. Frankétienne di:

"I created *Pèlen tèt*, an original adaptation of Les Emigrés by Slamowir Mrozek. It has been a resounding success. The play got an explosive reaction completely new in the history of the Haitian theater  " (Frankétienne); ref., An interview with 'Callaloo' (1992), pp. 392. English translation by Mohamed B. Taleb-Khyar. (Mwen kreye *Pèlen tèt*, yon adaptasyon orijinal 'Les Emigrés', zèv Slamowir Mrozek. Se yon siksè pwout. Pyèsteyat sa a jwenn yon reyaksyon vòlkanik total kapital tou nèf nan istwa teyat ayisyen... Tradiksyon kreyòl pawòl Frankétienne. - Ref. yon entèvyou ak revi "Callaloo". 1992, pp. 392)

Mwen sonje mwen te nan yon atelye ekriven entènasyonal, sa gen dezan. Enstriktè a t ap pale de yon zanmi l ki pibliye yon roman. Apre liv la fin soti, msye voye nòt bay lòt zanmi pou bife yon fraz nan tèl paj. Se yon bagay ki te fè n pete yon ekla ri. Kòmante sou yon foròm diferan de lè se de moun k ap kominike atravè imel kote enfòmasyon sa a pa dwe al jwenn yon twazyèm moun san konsantman youn nan de moun yo. La a se kote prive a nou dwe respekte.

Nou pa gen kontwòl sou moun ki resevwa enfòmasyon ki sikile nan yon foròm e nonplis nou pa konnen kisa yo ka fè ak li ou kijan enfòmasyon sa yo ka itilize. Se ekzakteman menm bagay lè yon otè pibliye yon liv. Kèk dwa li genyen sèke l ka di se li k ekri liv la, se li k di tèl ou tèl bagay... men li pa ka bloke difisyon pawòl ki ladan ak fason yo ta entèprete yo yon fwa l pibliye.

An rezime, se yon ti jefò kanmèn kòm premye foròm kreyòl an kreyòl ki ekziste depi ennan edmi malgre manke estrikti. Epi pa bliye premye bi yon foròm ta dwe la pou bay aksè a rechèch, motive rechèch e tande plizyè opinyon. Si n ta pran an konsiderasyon kèk pwen nan sa m diskite yo, sa ta oryante nou si n vle reyèlman mache nan granchimen rechèch kreyòl nan venteyinyèm syèk la.

E.W.Vedrine

nòt: *REKA (Rezo entènèt Kreyolis Ayisyen)
Neues Testament in St Lucia Kreol (Zitate aus der Veranstaltung zur Vorstellung -- aus einem Posting der Newsgroup CreoList)

On October 10, the St. Lucian Kweyol New Testament (Testeman Nef-la) was made available to the public, after about a dozen years in the making. The publisher is the Bible Society in the East Caribbean. SIL is now joining the Folk Research Centre in spreading Creole literacy around the island. We have a booklet called Mannye Ou Sa Li Ek Ekwi Kweyol (English title: A Guide to Reading and Writing St. Lucian Creole), and we are going around the island teaching transitional literacy classes to those who can speak Creole but so far can only read English. In addition, we have developed a complete primer with 80 lessons for adult Creole speakers who never acquired literacy, to teach them how to read and write in their mother tongue.

St. Lucian Creole has been basically a purely oral language, but as more and more is being written, including folktales, oral history, government notices, and the Bible, people are becoming more and more interested in learning to read it.

Below are some quotes from the Launching of the St. Lucian Kweyol New Testament:

The Hon. Damian Greaves, Minister of Culture and Ecclesiastical Affairs: "What we are seeing today is of historical importance, linguistically-speaking, because we are seeing a language that was once seen as something that we should not respect come to full maturity on this particular occasion. If the New Testament can now be translated into Creole, then nothing can stop the onward march and progress of our Creole language. When we have the Bible now being translated into the language of the people, one cannot overstate the power and might that can emanate from such an exercise. I want to express to all of you who have contributed to this most important and significant event the hearty gratitude of the government and people of St. Lucia. This is an exercise which will have our people to understand the Bible even better. And perhaps now there is a need for us to emphasise the importance of teaching our people to read and write our Creole language."

John Robert Lee, Director of Information Services for the Government of St. Lucia: "For those who like Her Excellency the Governor General and the Folk Research Centre and others who have been involved in the development of the Creole language, indeed as Mr. Greaves said this is a very significant occasion, because here we have progress towards the standardisation of our language."

Her Excellency Dame Pearlette Louisy, Governor General of St. Lucia:

"Fwe ek se, mwen asiwe tout jan Sent Lisi te kay ede mwen wimesye tout se moun-an ki twavay asou twavay twadouksyon Bib sala. Lawout-la te lonng, twavay-la pa te fasil, me jodi nou ka we ki sa twavay epi dedikasyon sa pwodwi. Twavay-la se sa nou, Testeman Nef-la se sa nou. Mwen ka envite tout moun pou anbwase twavay sala. Li pawol di Dye an lanng nou, an lanng jan Sent Lisi. Mwen asiwe i ni adan moun ki jodi-a pa sa li ek ekwi Kweyol-la, me mwen asiwe sa se on bagay ki kay ankouwaje'w apwann li epi ekwi Kweyol-la."
["Brothers and sisters, I am sure all Saint Lucians would help me thank all those people who worked on this translation of the Bible. The path was long, the work was not easy, but today we can see what this work and dedication can produce. The work is ours, the New Testament is ours. I invite everyone to embrace this work. Read the word of God in our language, in the language of the St. Lucian people. I am sure there are a lot of people today who cannot read and write the Creole, but I am sure this is something that will encourage you to learn to read and write the Creole."]

Monsignor Theophilus Joseph, Vicar General of the Castries Cathedral:

"Apwezan tan-an vini pou nou jan Sent Lisi weyalize enpotans, pa jos an langaj, me enpotans nou, kon on pep. Atjwelman nou pa sa jos pale Kweyol-la, nou sa li Kweyol-la. Pwenmye twadouksyon-an se on twadouksyon ki enpotan, epi an legliz Katolik nou kay fe tout sa nou pe pou enkouwaje se pep nou, pa jos pou achte on liv, me pou apwann li Kweyol-la, paski se lanng manman nou tout."
["Now the time has come for us people of St. Lucia to realize the importance, not just of language, but the importance of us, as a people. Now we cannot just speak Creole, we can read the Creole. The first translation is a translation that is important, and in the Catholic Church we will do all we can to encourage our people, not just to buy one of these books, but also to learn to read the Creole, because it is the mother tongue of all of us."]

June King-Frederick, Executive Director of the Folk Research Centre: "It gives me great pleasure to stand here this afternoon and to receive this translation of the New Testament in Kweyol. Our country is a bilingual country. Lanng manman nou se Kweyol. [Our mother tongue is Creole.] The Folk Research Centre started about twenty-six years ago, and it started because of one little man named Monsignor Patrick Anthony. He realised there was a majority of people in our country who were being ostracised because of the fact that their first language was Creole. Because of the fact that they had no voice, and because of the fact that they were treated with such contempt, the rich Creole culture in which those people lived was in danger of dying. Therefore the Folk Research Centre was formed so that we could ensure that we preserved the culture of our people, and, of course, the language. This New Testament makes me feel very proud because we are saying to the people of the Creole culture that you are equal to everybody else. Your language is an acceptable language internationally. It is not now only an oral language. We are now working towards making sure it is a written language. And ladies and gentlemen, I am going to implore you, our programme within the next three years it to teach the language, to make sure people read and write it. What we at the Folk Research Centre are saying is, it is not _either_ English _or_ Creole, it is _both_ English _and_ Creole, and therefore they should be treated equally.

Mwen vle wimesye tout se moun-an pou Testeman Nef-la an Kweyol. Plas Wiches Foklo (FRC) ka fe an chay twavay pou mennen langaj Kweyol douvan. Ek atjwelman nou ka pwepawe pwogwanm pou fe moun apwann mannye nou ekwi Kweyol. Tout liv Kweyol kay ede nou andidan pwogwanm sala."
["I want to thank all the people for the New Testament in Creole. The Folk Research Centre (FRC) is doing a lot of work to bring the Creole language forward. And now we are preparing a programme to teach people how to write Creole. All Creole books will help us in this programme."]

Lucilia Edwards, teacher:

"Langaj bel. Langaj se on bagay ki enpotan. Me nou ka we signifikans langaj le ou li langaj-la, le ou pale langaj-la ek la ni lakopwann. Kon yon titja, mwen we pale langaj Kweyol epi li langaj Kweyol ek lakopwann, mwen we sa se pli bel bagay mwen sa janmen jwenn an lavi mwen -- espwesman Pawol Bondye. Nou we Pawol Bondye an lanmen nou jodi-a, ek i an langaj manman nou. Mwen obsove le mwen ka li listwa Bib an Patwa, an Kweyol, se manmay-la ka moute lakay yo epi yo ka viye di manman yo sa yo apwann ki bel an langaj yo menm. Ek nou ha we la ni lakopwann. Lakopwann ka pwen kou an legliz nou le nou ka sevi Pawol Bondye an langaj-la nou pli konfotab epi-a."
["Language is beautiful. Language is an important thing. But we see the significance of language when you read the language, when you speak the language and there is understanding. As a teacher, I see the Creole language spoken and read with understanding, and I see that that is the most beautiful thing I can ever see in this life -- especially the Word of God. We see the Word of God in our hands today, and it is in our mother tongue. I have observed when I read Bible stories in Patois, in Creole, the children go back to their homes and they repeat to their mothers what they have learned that is beautiful in their own languages. And we have already seen that there is understanding. Understanding is taking place in our church when we use the Word of God in the language we are most comfortable with."]